| Byenveni nan paj enfòmasyon sou kat peman dirèk la Nan efò konstan depatman travay ap fè pou founi meyè sèvis pou tout nouyòkè, apatide mwa out la, n ap distribye kat peman dirèk pou benefis asirans chomaj. Apatide 10 septanm 2006, nou p ap sèvi ak chèk papye ankò. N ap voye kat yo dirèkteman nan lapòs bay moun k ap fè demann, ansanm ak enfòmasyon sou kijan pou sèvi ak kat yo, e l ap founi pi bon fason, pi fasil e pi ansekirite pou peman benefis yo. Paj sa a etabli pou l founi w enfòmasyon jeneral sou kat peman dirèk la. Nan paj sa a w ap jwenn :
Pou enfòmasyon siplemantè ou ka rele sant sèvis kliyan Chase nan 1-877-221-1634. |

